Medam ayisyèn yo toujou nan batay, e yo fè l sou tèren foutbòl la tou. Menm si yo pa toujou jwenn limyè yo merite a, yo kontinyé jwe, lite, e pwouve valè yo.
Nan emisyon sa, Guy Wewe Network bay vwa a jwèz ak antrènè k ap konstwi foutbòl fèminen an ak ti ka l mwayen yo genyen an. Yo pale sou mank finansman, ekipman limite, ak sakrifis yo fè chak jou pou yo kontinyé.
Malgre sa, rezilta ekip nasyonal la montre yon detay klè: Potansyèl lan la. Men pou l grandi, l ap bezwen plis sipò, plis vizibilite, ak yon lòt jan dwe gade fanm espò pratike lakay nou.
Mesaj la senp: Tèren an pa sèlman gen fanm, gen talan.



