Foutbòl an Ayiti se pa jis yon jwèt, se yon relijyon, Chak dimanch, baz reyini, diskisyon ap fèt ak pasyon epi lanmou, radyo yo souvan cho lè se moman klasiko yo, Men dèyè tout pasyon sa yo, gen anpil travay ki poko fin fèt.
Nan emisyon an, yo pale ak ansyen jwè ak antrènè ki konn reyalite a: mank enfrastrikti, ti finansman, epi anpil jèn talan ki oblije kite peyi a twò bonè pou yo ka grandi. Men yo met limyè tou sou bèl moman yo viktwa ki bay espwa, ak jèn ki vin modèl pou lòt yo.
Yon kesyon ki pa sispann tounen: èske sistèm nan ap ede foutbòl la grandi, oubyen li menm k ap ralanti l? Repons yo pa senp, men yo klè: gen anpil bagay ki pou korije.
Chaje Pasyon toujou, sa k manke yo, se bon estrikti ak envestisman pou fè l tounen rezilta reyèl…



