An Ayiti, bòks se pa sèlman espò, Pou anpil jèn, se yon fòm lekòl li ye pou yo nan vi a, yon mwayen pou yo sòti nan difikilte, epi yon fason pou bati disiplin, respè ak kontwòl sou tèt yo.
Nan emisyon sa, Guy Wewe Network met limyè sou reyalite boksè ayisyen yo: kijan yo rantre nan disiplin sa, jan yo lite pou kenbe karyè yo vivan malgre mank sipò, epi kijan yo tounen modèl pou jèn nan kominote yo.
Gen istwa yon boksè ki soti nan yon katye difisil, ki te itilize bòks kòm yon chimen pou chanje lavi l, Pou li, bòks pa t fè l ewo, men li te aprann li kijan pou l kanpe djanm, respèkte tèt li, epi voye menm leson sa yo bay lòt jèn yo.
Nan yon kontèks kote resous yo limite, bòks ayisyen an montre yon gwo verite: fòs yon moun pa mezire sèlman nan sa l genyen, men nan kapasite l pou l goumen, leve, epi kontinyé avanse.



