Depi kòmansman mwa Avril 2026 la, sou rezo sosyal yo, anpil moun ap poze kesyon poukisa gen lapli apre pak? Kote sezon chalè a pase? Poukisa tout kote ap pale de Fon fwa? Sa k rele konsa?
Yon fon fwa (fon frèt an bon kreyòl) se yon gwo kantite mas lè frèt ki soti nan Nò amerik la, ki vin bouskile lè cho ki stab nan karayib la. 2 mas lè sa yo pa melanje, lè frèt la ki pi lou, glise anba vant lè cho a ki pi fay, e fòse l tounen monte ak britalite. Tankou yon eponj ki gen dlo men yo pa t janm peze, aksyon sa koz, dlo ki te nan nyaj fret yo tonbe tankou lapli. Plis tanperati ant de mas lè sa yo diferan, plis lapli a ap tonbe ak vyolans.
Ayiti ekspoze a fenomèn sa anpil, men Gran Nò a pi ekspoze toujou. Si nou pran egzanp vil Okap, ki natirèlman ekspoze a alize nòdès yo, sa ki koz lapli tonbe pi souvan. Lè yon fon fwa antre bouch nan koze a, mòn yo vin resevwa plis dlo, basen vèsan yo plen, epi zòn tankou sent filomèn, fòsenmichèl, blouyiz tounen rivyè, san konte lòt fenomèn tankou glisman teren ki pa fasilite moun ki rete nan mòn yo.
Yon fon fwa pa yon senp lapli, se yon fenomèn nou dwe pran oserye, koute konsèy otorite responsab yo, respekte alèt yo, pran swent tèt nou, epi pa bliye pwoteje papye enpòtan yo. Nap viv nan yon peyi ki ekspoze, move jesyon ak mank prevision rann nou plis vilnerab, toujou enfòme nou sou fenomèn k ap travèse peyi a.
Source: Ayiti klima



