Nouvo Batiman PNH nan vil Okay

Publié:

Kanada ak Pwogram Nasyonzini pou Devlopman (PNUD) ofisyèlman remèt yon nouvo batiman administratif bay Direksyon Depatmantal Sid (DDS) nan vil okay, nan kad pwogram sipò pou Polis Nasyonal Ayiti (PNH). Nouvo Bilding sa a gen plis pase dis (10) biwo, aksè pou moun ki gen mobilite redwi, ak yon sistèm enèji ibrid ki ka fonksyone san kouran EDH.

Depi lontan, kondisyon travay nan kèk inite PNH nan depatman Sid la pa t kòrèk. Ajan polis yo t ap travay nan espas ki pa adapte, san garanti dlo, san kouran estab, yon sitiyasyon ki te konn afekte kalite sèvis yo bay popilasyon an. Se nan kontèks sa a gouvènman Kanada, atravè PNUD, deside envesti nan yon solisyon konkrèt.
Batiman sa, ki mezire 230 mèt kare sou 2) etaj, pa sèlman yon konstriksyon. Li enkli renovasyon konplè inite Sèvis Depatmantal Polis Jidisyè a (SDPJ), Brigad Pwoteksyon Minè (BPM), ak sèvis espesyalize kont Vyolans Baze sou Sèks (VBS). Chak espas yo reponn ak yon bezwen espesifik operasyonèl.


Sou plan enèjetik, sistèm ibrid la se yon pwen fò enpòtan : (8) panno solè 620 W, yon kapasite fotovolatik 6 kW, (2) batri litiyòm (~10 kWh), yon jeneratris dizèl 11 kW kòm kopi, ak yon rezèvwa kabiran 1 500 galon. Pou dlo, yon sitèn 6 400 galon ap garanti otonomi pandan omwen (5) jou. Mobilye ak ekipman apwopriye yo deja an plas.
Enpak pratik inisyativ sa ale pi lwen pase yon senp mi ak twati, Kondisyon sa yo pèmèt ajans yo mennen envestigasyon nan yon anviwònman ak plis sekirite, asire yon pi bon priz an chaj timoun ki viktim oubyen an konfli ak lalwa, epi ofri pèsonèl polis yo yon espas travay fonksyonèl ak diy.

Selon PNUD, envestisman sa yo fè pati yon efò pi laj pou ranfòse prezans ak efikasite PNH nan tout peyi a, yon nesesite absoli nan moman kriz sekiritè Ayiti ap viv la.

Source: PNUD HAÏTI

Credit: PNUD

Joseph Adonis Saint Louis
Joseph Adonis Saint LouisAuteur pour GN Mediapropulsé par Guy WEWE Network

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici

Related articles

spot_img

Recent articles

spot_img