Jounen Fanm Ayisyen: Selebre Rezilyans, Egalite

Publié:

Medam ayisyèn yo pa janm pa la. Yo te la nan revolisyon, yo la nan manifestasyon yo, nan lopital yo, nan lekòl, nan kay… Yo toujou pot sosyete a sou zepòl yo, men yo pa souvan jwenn rekonesans yo merit yo jan sa ta dwe ye an.

Nan kouveti sa, Guy Wewe Network te swiv yon pwogram ki te rich ak sans: fanm antreprenè ki te pataje eksperyans yo, diskisyon sou sante fanm, atelye sou dwa legal, epi moman atistik kote chante ak pwezi te bay emosyon yo yon vwa.

Men sa k te frape plis, se te yon manman ki te vini ak pitit fi li. Li pa t vini pa aza, li te vini ak yon objektif: fè pitit li wè ak pwòp je l ke yon fanm ka pran plas li nan sosyete a san l pa bezwen mande pèmisyon. Yon leson an silans… men ki te pale fò.

Yon sèl jounen pa ka sifi pou bay fanm tout plas yo merite nan sosyete a. Men jounen konsa yo enpòtan. Yo louvri pòt, yo chanje mantalite, yo plante grenn pou demen.

Joseph Adonis Saint Louis
Joseph Adonis Saint LouisAuteur pour GN Mediapropulsé par Guy WEWE Network

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici

Related articles

spot_img

Recent articles

spot_img