Evènman Relijye ak Kominotè: Kot Lafwa Bati Lyen

Publié:

An Ayiti tankou nan dyaspora, legliz, peristil, ak tout espas relijye yo pa janm sèlman yon kote moun al priye. Se souvan yon kote lavi anpil enèji degaje. Se kote moun jwenn moun pa yo, jwenn sipò, jwenn fòs pou kontinyé menm lè bagay yo pa fasil.

Nan kouveti sa, Guy Wewe Network te swiv yon evènman espesyal kote plizye tradisyon relijye, kretyen, Vodou, ak lòt ank, te deside met diferans yo sou kote pou travay ansanm sou yon pwojè sosyal. Sa pa yon detay ki fèt fasil. Gen istwa, gen prejije, gen baryè. Men fwa sa, volonte pou ede a te pi fò pase tout rès la.

Moun ki te patisipe yo te pale klè: espas sa yo ede yo kenbe tèt yo. Lè lavi ap peze, se la yo jwenn konsèy, konpreyansyon, ak sipò konkrè.

Guy Wewe Network chwazi met limyè sou reyalite sa, paske divèsite espirityel Ayisyen an pa oblije separe nou. Okontè, li ka vin youn nan pi gwo fòs nou genyen pou rasanble, pou ede youn lòt, epi pou kenbe kilti nou vivan.

Joseph Adonis Saint Louis
Joseph Adonis Saint LouisAuteur pour GN Mediapropulsé par Guy WEWE Network

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici

Related articles

spot_img

Recent articles

spot_img