Sitadèl : Kèk tan aprè, 12 Kadav toujou atè a.

Publié:

Sitadèl : Kèk tan aprè, 12 Kadav toujou atè a.

12 èdtan aprè dram nan, sitiyasyon an toujou grav. Jounalis Media ki sou plas rapòte : anviwon 12 kadav toujou atè a anndan Sitadèl la pèsonn poko vin rekipere yo.

Pandan tan sa, lapolis fèk rive sou espas la.

Jis kounye a, Poko gen okenn responsab lopital Milot ki deside pran lapawòl devan kamera. Paran yo la depi mitan lannwit, kanpe nan fènwa, ap tann nouvèl pitit yo, Pèsòn pa pale ak yo, Pèsòn pa ba yo yon repons.

Èd ki te soti Okap pou vin ranfòse ekip sou plas la te oblije retounen, akoz mank materyèl pou travay.

San sekou ofisyèl, se fanmi yo menm ki pran responsablite rekipere nan mò yo ak dra, sou kad epi desann ak yo sou mòn nan apye. Kèk nan kò yo deja kòmanse antre nan yon eta dekonpozisyon.

Guy Wewe Media ap swiv dosye a, Nap kontinye pote enfòmasyon yo pou piblik la.

Source: TI ZOE LE SPECIMEN

Credit: TI ZOE LE SPECIMEN

Saïka Jahelle PIERRE
Saïka Jahelle PIERREAutrice pour GN Mediapropulsé par Guy WEWE Network

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici

Related articles

spot_img

Recent articles

spot_img