Dram nan Sitadèl…

Publié:

Samdi 11 Avril 2026

Selon bilan pasyèl direktè depatmantal pwoteksyon sivil la: Jean Henry Petit, omwen 30 moun pèdi lavi yo nan yon sit touristik sitadèl nan vil milo jodi samdi 11 Avril 2026 la. 

Yon sous fyab ki deside rete anonim fè konnen, depi 2 è nan maten, anpil bis t ap monte anwo a san kanpe jis rive 1è nan aprèmidi malgre lapli ak move tan. « Te gen plis moun sou espas la pase sa ki te prevwa », deklare anonima a. Pou eseye jere espas la, responsab ki te la yo te fè yon pòt sèvi pou antre, yon lòt pòt pou soti. 

Jan tan an te ye depi lavèy te vin koz tanperati a pa t pran tan pou desann. Alòs, presyon, bwouya ak lè imid ki nan espas la tapral fè premye viktim yo. Sitiyasyon kawotik sa tapral kontinye ak moun kap bouskile yonn lòt pou kouri soti kite espas vizit anndan an. Dapre imaj nou resevwa nan men moun ki te sou plas, timoun plis viktim bouskilad sa. 

Nan eseye vin pote sekou, machin, moto ki t ap kouri byen vit te rive fè aksidan sou wout la. Sa ki kontinye ogmante kantite moun ki viktim yo ki te resevwa swen nan lopital Milo a. Direksyon depatmantal Nò pwoteksyon sivil la te lanse yon apèl ijan pou ranfòse entèvansyon sou plas yo pou fasilite transpò blese yo, ak envantè moun ki mouri oubyen ki jis konnya disparèt. 

Biwo premye minis la pwomèt nan yon nòt sou rezo yo otorite responsab yo ap fè tout sa ki nan konpetans yo e menm plis pou mennen ankèt sou dram sila ki mete peyi a an dèy. Kèk lòt mezi deja pran tankou fèmen sit la pandan kèk tan, pou fasilite travay otorite konpetan yo, ranfòse mendèv ki sou plas la epi retabli responsab yo.

Nap kontinye swiv dosye a epi pote rès enfòmasyon yo pou piblik la.

Source: Gérard Maxineau | Le Nouveliste

Credit: Haïti Wonderland

Saïka Jahelle PIERRE
Saïka Jahelle PIERREAutrice pour GN Mediapropulsé par Guy WEWE Network

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici

Related articles

spot_img

Recent articles

spot_img