Lanmò Ashlee Jenae an Afrik : Fanmi an ap reklame jistis

Publié:

Ashly Robinson, yon enfliyansez ameriken ki gen 31 lane, Yo te konnen l sou rezo sosyal yo kòm Ashlee Jenae, te jwenn lanmò nan chanm li nan Zuri Zanzibar Hotel nan peyi Tanzani dat 9 avril 2026 ki sot pase la, Li te a pèn selebre anivèsè nesans li, a pèn fiyanse ak Joe McCann, yon antreprenè kriptomonnè 48 lane, Otorite tanzanyen yo di se swisid, men fanmi an di yo pa kwè sa, Ankèt la toujou ap kontinye.

Yon vwayaj rèv ki vire kochma

Ashly Robinson, ke plizyè santèn milye moun te swiv li sou Instagram kòm Ashlee Jenae, te rive Zanzibar ak fiyanse l Joe McCann sou dat 4 avril 2026 la. Vwayaj la te fèt pou selebre anivèsè nesans li : 31 lane. Foto ki pibliye sou Instagram yo montre yon fanm ki reyonan, k ap bay yon jiraf manje, antoure ak fèy woz ki fè lèt « HBD Ashlee ». Dènye pòs li te ekri a di : « Chapit 31 epi mwen egzakteman kote mwen bezwen ye a. »

Pandan vwayaj la, McCann te fè yon demann maryaj. Dapre fanmi Robinson, sa te sanble kòm yon bèl moman, Men, kèk jou apre, tout bagay chanje.

Yon kè plen, yon separasyon, yon mò

Nan nwit 8 avril la, Robinson te rele manman l Yolanda Endres pou di l li ak McCann te gen yon diskisyon. Lòt kliyan otèl yo te reklame yo tande yon « konfli womantik » sa ki fè administrasyon Zuri Zanzibar Hotel la te deside separe yo : McCann te deplase nan yon lòt vila ki te apwoksimativman 10 minit mache ak distans chanm Robinson lan.

2 a 3 zè apre separasyon sa a, anplwaye otèl la te jwenn Robinson san konesans nan chanm li. Li te transpòte nan yon lopital lokal, apre nan yon lòt, kote mò li te konfime sou dat 9 avril 2026.
Otorite tanzanyen yo deklare kòz mò a se yon swisid dapre yo, se ak pwòp twal rad li l te pann tèt li sou yon amwa, Se te vèsyon ofisyèl la. Men, sa pa satisfè fanmi an.
Fanmi an reklame transparans : « Nou pa kwè nan swisid »


Manman Ashly, Yolanda Endres, te deklare pou plizyè medya ameriken : « Ashly te nan pi bon moman lavi l, Nou pa ka aksepte istwa swisid sa.» Papa l, Harry Robinson, te ajoute : « Gen kamera toupatou nan yon rezo otèl konsa. Fè ankèt la epi di nou sa k pase a. »


Fanmi an di yo pa jwenn okenn enfòmasyon ofisyèl ki konfime ki soti nan otorite tanzanyen yo, ni nan McCann. Fiyanse a te rele manman Robinson yon fwa sèlman apre ensidan an, pou di l pitit fi l « te fè yon bagay ak tèt li » epi l te « estab » men, l te deja mouri avan sa. Depi lè sa a, McCann pa pale ankò.
Papa Robinson te lanse yon kanpay GoFundMe ak objektif 50 000 dola pou kouvri depans repatriyasyon kò a ak rechèch jistis la.


Joe McCann : Temwen ofisyèl, men paspò konfiske


Joe McCann, 48 lane, se fondatè Asymmetric Financial, yon konpayi jesyon envestisman kriptomonnè ki baze Miami. Dapre BBC, otorite tanzanyen yo te konfiske paspò l pandan ankèt la ap dewoule a, men yo pa t arete l e yo pa te konsidere l ofisyèlman kòm yon sispèk, jis kòm yon temwen.
Osijè McCann, enfòmasyon yo rete kontradiksyon : sèten sous deklare li toujou ap koopere ak lapolis, lòt yo soutni li te deja kite peyi a. Ambasad Etazini nan Dar es Salaam te voye yon kowonè (Coroner) pou asiste nan otopsi a, men okenn rezilta ofisyèl pa pibliye toujou.


Spekilasyon sou rezo sosyal yo : sa ki reyèl, sa ki enkontwole


Depi nouvèl la gaye, rezo sosyal yo ap ekploze, Sèten pòs ki pa gen konfimasyon ofisyèl akize McCann de krim premeditasyon. Lòt afime yo te jwenn Robinson pann nan yon pyebwa deyò a, pa anndan chanm lan. Gen kèk ki di McCann te tann 2 jou avan l kontakte otorite yo.
Pou kounye a, okenn nan afimasyon sa yo pa konfime pa otorite ofisyèl. GN Média rapòte sèlman sa ki verifye epi site : deklarasyon fanmi an, kominikasyon ofisyèl lapolis Zanzibar, ak rapò medya akredite tankou ABC News, BBC ak Newsweek.


Reyaksyon ofisyèl : Tanzani ak otèl la ap pale


Ministè Touris ak Patrimwàn Zanzibar la te pibliye yon deklasyon k ap mande piblik la pasyans : « Nou respektyezman mande pasyans ak konpreyansyon pandan otorite yo ap avanse nan ankèt la selon pwosesis legal la. » Zuri Zanzibar Hotel di l ap koopere ak otorite lokal yo epi ak Ambasad ameriken.

Kisa k rete pou fèt ?


Pou kounye a, rezilta otopsi a ki gen asistans yon korenonè ameriken poko pibliye toujou. Fanmi Robinson ap tann, ap reklame imaj kamera sekirite otèl la ak yon ankèt endepandan. Yo reklame jistis pou yon fanm yo dekri kòm « yon fanm ki te renmen lavi, ki te toujou ap souri, ki te kòmanse yon nouvo chapit ».
GN Média ap swiv ka sa a epi ap ba w enfòmasyon yo amezi rezilta ofisyèl yo parèt.


 
Nòt redaksyon : Atik sa a baze sou deklarasyon ofisyèl fanmi Robinson, lapolis Zanzibar, ak Ministè Touris Zanzibar

Source: ABC News, BBC Newsweek.

Joseph Adonis Saint Louis
Joseph Adonis Saint LouisAuteur pour GN Mediapropulsé par Guy WEWE Network

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici

Related articles

spot_img

Recent articles

spot_img