Patrimwan kiltirèl se pa sèlman sa n wè nan mize oubyen atizana yo, se lavi n menm: lang nou pale a, mizik n ap chante e tande yo, manje nou fè, istwa n pote. Li viv nan chak detay, e se sa k fè l fasil pou disparèt nan moman mond lan ap chanje vit la, tradisyon n yo konn ale.
Nan emisyon sa, plizye vwa met aksan sou enpòtans pwotèksyon lang kreyòl la, teknik tradisyonèl yo, medsin natirèl ak mizik rasin yo. Yo montre kijan modènite ak migrasyon ka fè n pèdi rasin nou, men tou kijan yo ka ede n prezève yo, si n sèvi ak yo byen.
Guy Wewe Network kontinyé pote konvèsasyon sa yo, paske yon pèp ki konnen kilti l gen plis fòs pou bati avni l… Patrimwan se pa sèlman sa nou eritye… se sa n deside pa kite mouri a tou.



