Mizik Ayisyen an: Ant Tradisyon ak Renouvèlman

Publié:

Mizik lakay nou plis pase yon senp son se idantite n, istwa, ak emosyon yon tout yon pèp. Soti nan mizik rasin rive nan konpa, li toujou pot eritaj nou.

Jodi a, nouvo jenerasyon an ap melanje l ak rap, afrobeats, ak lòt son modèn. Sa kreye yon nouvo estil, men kesyon an rete: ki sa ki fè mizik la rete ayisyen?

Gen moun ki vle pwoteje tradisyon an, lòt yo kwè evolisyon an nesesè. Ak platfòm tankou YouTube ak TikTok, mizik la rive pi lwen pase limit peyi a.

An reyalite, mizik lakay nou pa pèdi, li jis ap adapte, l ap grandi. Li toujou rete menm nanm nan, jis ak yon nouvo souf.

Joseph Adonis Saint Louis
Joseph Adonis Saint LouisAuteur pour GN Mediapropulsé par Guy WEWE Network

LAISSER UN COMMENTAIRE

S'il vous plaît entrez votre commentaire!
S'il vous plaît entrez votre nom ici

Related articles

spot_img

Recent articles

spot_img