Manje lakay nou pa sèlman nouri, li pot yon istwa tou. Chak plat tankou griyo, diri djon djon oubyen soup joumou chaje ak rasin, memwa, ak idantite nou kòm pèp.
Nan emisyon an, chef ak pasyone yo montre kijan resèt ak teknik ki pase de jenerasyon an jenerasyon, pandan gastwonomi ayisyen ap pran plas li sou sèn entènasyonal la. Kesyon an rete: lè li adapte ak lòt kilti, èske l grandi oubyen li pèdi esans li?
Malgre opinyon yo divize, tout moun dakò sou yon bagay: manje ayisyen an se yon patriman ki dwe pwoteje, valorize, epi transmèt.



