Rara ak Kanaval se pa sèlman animasyon se batman kè yon pèp tankou pèp ayisyen. Se moman kot lari yo tounen sèn lib, kot mizik, dans, ak istwa mare ansanm pou rakonte kiyès nou ye. Nan melanj sa a, ou jwenn lajwa ak doulè, selebrasyon ak pwotestasyon tout ap mache sou menm ritm lan.
Nan emisyon sa, Guy Wewe Network mete vwa sou eksperyans moun ki viv tradisyon sa yo chak jou: òganizatè, mizisyen, ak chèchè. Yo raple nou kijan Rara soti lwen, depi nan tan esklavaj, kòm yon espas kot zansèt yo te jwenn yon ti souf libète, yon fason pou pale san yo pa pale.
Kanaval, menm si l vin yon gwo espektak entènasyonal, gen yon lòt reyalite ki pi pwofon, sa k ap fèt nan vil pwovens, nan katye, nan mòn yo. Se la ou jwenn rasin vrè tradisyon an: kreyativite ki pa gen limit, idantite ki pa janm pèdi.
Finalman, emisyon an deside fè nou reflechi: sou jan kilti a pa ka siviv poukont li. Li bezwen moun ki viv li, ki pou pwoteje li, epi ki ka transmèt li bay lòt yo.



