Lè yon Ayisyen ap danse, li pa sèlman ap bouje, l ap rakonte yon istwa. Dans la se yon lang san mo ki pot memwa, lafwa, ak fòs yon pèp tankou nou menm pèp ayisyen.
Nan emisyon sa, Guy Wewe Network met ansanm a kèk dansè tradisyonèl ak modèn pou pale sou estil tankou Yanvalou, Petwo, Merenge ak Konpa, chak ak sans pa yo, chak ak rasin pa yo.
Yon gwo kesyon leve: kijan pou transmèt valè dans sa yo bay jèn k ap grandi lwen kilti a? Repons yo chita sou lanmou ak konsyans.
Paske dans ayisyen an p ap janm mouri, l ap toujou gen yon istwa pou rakonte.



